Dokiman Legal
Règleman
Dènye mizajou: 11 jen 2026
Règleman sa a fikse règ konduit pou tout moun sou Bizen HT — kliyan kou Elu. Objektif la: yon eksperyans ki an sekirite, respektab ak diskrè pou tout granmoun ki konsanti.
1. Respè ak konsantman
- Tout entèraksyon dwe ant granmoun 18 an+ ki dakò.
- Konsantman ka retire nenpòt lè. "Non" vle di non.
- Okenn vyolans, fòs, menas, ni presyon pa tolere.
2. Diskresyon
- Sa ki pase ant de moun rete prive.
- Entèdi pou anrejistre, fè kapti ekran, oswa pataje foto/videyo/mesaj san pèmisyon. Sistèm nan gen filigran ak pwoteksyon kont kapti.
- Pa pataje enfòmasyon prive yon lòt moun (adrès, idantite, elatriye).
3. Règ pou Elu yo
- Foto ak deskripsyon ou dwe otantik epi se ou menm.
- Respekte randevou ou aksepte yo; pa fè kliyan tann pou granmesi.
- Mete yon nimewo MonCash valab pou ou ka resevwa peman ou.
- Pa mande peman an deyò sistèm Bizen HT (sa retire pwoteksyon ou).
4. Règ pou Kliyan yo
- Trete Elu yo ak respè ak diyite.
- Prezante w nan randevou ou pran yo.
- Konfime rankont la onètman apre li fèt.
5. Peman an sekirite (Escrow)
Lè yon kliyan peye yon rezèvasyon, Bizen HT kenbe lajan an jiskaske moman an konfime. Se sèlman apre rankont la fèt Elu a touche pòsyon pa li (90%, mwens komisyon 10% Bizen). Konsa, ni kliyan ni Elu pa pèdi.
6. Konfimasyon Rankont
Nan moman yo kontre, Elu a ap mande kliyan an klike "Konfime rankont" sou kont li (anvan yo separe). Aksyon sa a se prèv rankont la te fèt, epi li deklanche pèmisyon pou peman Elu a. San konfimasyon sa a, lajan an rete kenbe.
7. Non-prezantasyon ak konfli
- Si Elu a pa prezante: kliyan an siyale sa, epi Bizen HT ranbouse kliyan an.
- Si kliyan an pa prezante: Elu a siyale sa, epi admin ap deside (dedomajman oswa pataje).
- Tout dezakò pase nan abitraj admin Bizen HT, ki gen dènye mo a. Desizyon sa a fèt nan diskresyon.
8. Sa ki entèdi nèt
- Minè, trafik moun, eksplwatasyon, oswa nenpòt aktivite ilegal.
- Dwòg ilegal sou plas la.
- Fwod, fo kont, oswa eseye twonpe sistèm peman/komisyon an.
- Asèlman, chantaj, menas, oswa diskriminasyon (ras, sèks, oryantasyon, elatriye).
9. Avi ak nòt
Avi ak nòt yo dwe onèt epi baze sou eksperyans reyèl. Fo avi oswa avi ki gen ensilt ka retire, epi yo pase nan moderasyon admin anvan yo parèt.
10. Sanksyon
Vyolasyon Règleman sa a ka mennen nan: avètisman, blokaj lajan, sispansyon, oswa efase kont nèt. Nan ka ilegal, n ap kolabore ak otorite yo.
11. Siyale yon pwoblèm
Si yon bagay pa anfòm, kontakte nou touswit: bizenht@gmail.com · WhatsApp +509 47464283.