Vèsyon 1.0 · Dènye mizajou: 5 out 2026
Kontra sa a se yon antant volontè ant ou (« Elu ») ak Bizen HT (« Bizen », « platfòm nan »). Lè ou koche kaz akseptasyon an nan fòm enskripsyon Elu a, ou rekonèt ou li, konprann, epi ou aksepte lib e volontèman tout kondisyon ki anba yo. Kontra sa a se lwa ki mete dakò de pati yo.
Pwen kle: Bizen se yon entèmedyè / abitraj sèlman ant Elu ak VIP. Elu a antre nan Bizen lib e volontè epi li responsab tèt li pou desizyon l ak sa ki rive nan yon rankont. Depi de moun yo rankontre, wòl Bizen fini.
Ou rekonèt ke aktivite konpayi sa a poko gen yon ankadreman espesifik nan lejislasyon ayisyèn. Nan absans yon lwa espesifik, de pati yo chwazi lib e volontè pou relasyon yo gouvène pa kontra sa a, ki sèvi kòm lwa ant pati yo. Ou konfime ou antre nan antant sa a san okenn presyon, fòs, ni twonpe.
Bizen bay sèlman yon zouti teknik ki:
Bizen se pa yon patwon, pa yon anplwayè, ni yon ajan Elu a. Pa gen okenn relasyon travay, sibòdinasyon, ni asosyasyon ant Bizen ak Elu. Elu a se yon moun endepandan ki aji pou pwòp kont li.
Ou deklare epi ou garanti ke:
Elu a rekonèt ke se li menm ki pran desizyon pou aksepte oswa refize yon rankont, ki kote pou l ale, ak ki jan pou l konpòte l. Elu a responsab de plen gre pou tout desizyon sa yo ak tout sa ki ka rive akoz yo. Bizen pa ka fòse okenn Elu fè anyen.
Pou sekirite ak diskresyon tout moun, Bizen rekòmande otèl pou rankont yo. Se yon rekòmandasyon, se pa yon obligasyon nan men Bizen — men se opsyon ki pi an sekirite a.
Si yon Elu chwazi al fè yon rankont nan yon domisil prive (kay li oswa kay VIP la) olye yon otèl, se yon desizyon pèsonèl Elu a. Nan ka sa a, Elu a pran tout responsablite pou desizyon sa a ak tout sa ki rive. Bizen dekline tout responsablite pou sa ki pase nan yon domisil prive.
Wòl Bizen se mete de moun yo an kontak. Depi Elu ak VIP rankontre an pèsòn,yo konfime sa sou sistem Bizen lan patisipasyon Bizen fini. Tout sa ki pase pandan oswa apre rankont lan (konpòtman, dezakò, ensidan, dega, elatriye) pa angaje responsablite Bizen nan okenn fason.
Sou Bizen, li entèdi:
Nenpòt vyolasyon ka mennen nan sispansyon oswa efasman kont lan imedyatman.
Bizen pran yon komisyon 10% sou chak moman/rezèvasyon konfime. Elu a resevwa rès la (net) sou nimewo MonCash li. Peman yo pase pa MonCash / Bazik.io. Gade Kondisyon yo pou plis detay.
Nan tout limit lalwa pèmèt, Bizen pa responsab pou okenn domaj dirèk oswa endirèk, blesi, pèt, ni konfli ki soti nan relasyon oswa rankont ant Elu ak VIP. Bizen bay sèvis la « jan li ye » epi li pa garanti okenn rezilta.
Elu a dakò pou l pwoteje Bizen (mete l alabri) kont nenpòt reklamasyon, pèt, oswa depans ki soti nan konduit Elu a oswa nan yon rankont li fè.
Bizen pwoteje enfòmasyon prive Elu yo (vrè non, imel, telefòn rete prive). Gade Règleman Konfidansyalite a pou detay sou done yo.
Chak pati ka mete fen nan relasyon an nenpòt lè. Bizen ka sispann oswa efase yon kont ki vyole kontra sa a, Kondisyon yo, oswa Règleman an.
An ka de dezakò ant Elu ak VIP, pati yo dakò pou chèche yon solisyon alamyab anvan tout lòt bagay. Bizen ka, san obligasyon, ofri yon wòl abitraj pou ede. Wòl abitraj sa a pa fè Bizen tounen yon pati responsab nan konfli a.
Bizen ka mete kontra sa a ajou. Vèsyon ki aktyèl sou paj sa a se sa k ap aplike. Si w kontinye itilize platfòm nan apre yon chanjman, sa vle di ou aksepte l.
Lè ou koche kaz « Mwen aksepte Kontra Adezyon Elu a » nan fòm enskripsyon an, sa gen menm valè ak yon siyati. Akseptasyon w ansanm ak dat li anrejistre kòm prèv ke ou dakò lib e volontè ak tout kondisyon ki la yo.
Kesyon sou kontra sa a: bizenht@gmail.com · WhatsApp +509 47464283.