Dokiman Legal

Règleman Konfidansyalite

Dènye mizajou: 11 jen 2026

Konfidansyalite ou se yon priyorite pou Bizen HT. Paj sa a eksplike ki enfòmasyon nou kolekte, poukisa, kijan nou pwoteje yo, ak ki dwa ou genyen.

1. Enfòmasyon nou kolekte

2. Kijan nou itilize done yo

3. Diskresyon ak vizibilite

Sou katalòg piblik la, nou montre sèlman enfòmasyon nesesè (pseudo, foto, deskripsyon, pri, zòn). Imel ak telefòn ou pa janm vizib piblikman. Vrè non Elu yo rete prive (sèlman pou administrasyon). Mesaj chat yo chiffre epi yo disparèt apre 24è.

4. Kote done yo estoke

Done yo estoke an sekirite sou Google Firebase (otantifikasyon, baz done, ak depo foto/videyo), ak règ sekirite ki limite aksè. Peman yo pase pa MonCash / Bazik.io.

5. Pataje ak twazyèm pati

Nou pa vann done ou yo. Nou pataje sèlman sa ki nesesè ak founisè teknik yo (Firebase, MonCash , Bazik ) pou sèvis la mache, oswa si lalwa egzije sa .

6. Cookies ak depo lokal

Nou itilize depo lokal navigatè a (localStorage) pou bagay tankou sesyon ou ak preferans. Nou pa itilize cookies piblisitè twazyèm pati.

7. Notifikasyon push

Si ou bay pèmisyon, nou ka voye notifikasyon sou aparèy ou (nouvo mesaj, nouvo rezèvasyon). Ou ka dezaktive yo nenpòt lè nan paramèt navigatè/telefòn ou.

8. Konsèvasyon done

Nou kenbe done ou yo toutotan kont ou aktif. Mesaj chat yo efase otomatikman apre 24è. Si ou efase kont ou, n ap retire done pèsonèl ou yo, eksepte sa lalwa egzije nou kenbe (egzanp: dosye peman).

9. Dwa ou yo

Pou egzèse dwa sa yo, ekri nou: bizenht@gmail.com.

10. Sekirite

Nou itilize chifre (HTTPS), règ aksè Firebase, ak filigran sou foto/videyo pou dekouraje fwit. Men, okenn sistèm pa 100% san risk — pwoteje modpas ou epi pa pataje l.

11. Minè

Bizen HT pa pou minè. Nou pa kolekte volontèman done sou moun ki poko gen 18 an. Si nou dekouvri sa, n ap efase kont nan imedyatman.

12. Kontak

Kesyon sou konfidansyalite: bizenht@gmail.com · WhatsApp +509 47464283.

Diskresyon total: enfòmasyon prive ou yo rete prive. Gade tou Kondisyon Itilizasyon ak Règleman an.