Vi Prive
Règleman Konfidansyalite
Dènye mizajou: 8 oktòb 2026
Règleman sa a eksplike ki enfòmasyon Bizen Social kolekte, kijan nou itilize yo, ak ki dwa ou genyen. Nou pran vi prive ou oserye epi nou pa vann done ou bay pèsonn.
1. Enfòmasyon nou kolekte
- Enfòmasyon pwofil: prenon, non, ane nesans (pou verifye 18 an+), sèks/oryantasyon, estati matrimonyal, zòn, bio.
- Foto ak videyo ou pataje (pwofil, pòs, story).
- Pozisyon apwoksimatif: si ou aktive pataj lokalizasyon, nou kolekte kowòdone ki awondi (pa egzat) pou montre distans ak sijere moun toupre. Ou ka koupe l nenpòt lè.
- Aktivite: swipe, match, moun ou swiv, like, kòmantè, mesaj apre yon match.
- Enfòmasyon teknik: modèl aparèy, jeton notifikasyon, dat koneksyon, pou fè app la mache ak voye notifikasyon.
2. Kijan nou itilize enfòmasyon yo
- Kreye epi montre pwofil ou, epi fè fonksyon rezo a mache (fil, dekouvri, match, mesaj).
- Sijere moun ki toupre ou selon zòn ak preferans ou.
- Voye notifikasyon (match, mesaj, like, kòmantè, nouvo pòs).
- Pwoteje kominote a: modérasyon, anti-fwod, ak analiz otomatik foto yo pou make kontni 18+. Analiz sa a fèt sou aparèy ou anvan foto a voye: nou pa voye foto ou bay okenn lòt sèvis pou sa.
- Sonje preferans ou (pa egzanp, si ou vle wè kontni 18+ flou oswa san flou).
3. Ki moun ki ka wè enfòmasyon ou
Pwofil ou (non, foto, bio, sèks, estati, zòn) vizib pou lòt manm ki konekte. Kantite match ou vizib pou ou sèlman. Mesaj prive ou yo se sèlman ant ou menm ak moun ou matche a. Ou ka mete mòd enkognito oswa koupe pataj lokalizasyon nan paramèt ou.
4. Founisè teknik nou itilize
Pou fè sèvis la mache, nou itilize founisè ki serye tankou: Google , Cloudfare ak plizye lot .
Founisè sa yo trete done sèlman pou nou epi selon règ sekirite yo. Nou pa vann epi nou pa lwe done ou bay okenn konpayi piblisite.
5. Dwa ou sou done ou
- Wè epi modifye enfòmasyon ou nan paramèt pwofil la.
- Koupe pataj lokalizasyon oswa mete kont ou an mòd diskrè.
- Efase kont ou ak done ou nenpòt lè (foto, pòs, match, mesaj retire).
6. Konsèvasyon done
Nou kenbe done ou toutotan kont ou aktif. Mesaj yo rete jiskaske ou efase yo oswa efase kont ou. Lè ou efase kont ou, nou retire enfòmasyon ou yo, eksepte sa lwa a mande nou kenbe.
7. Sekirite
Tout aksyon ki sansib (match, mesaj, peman pita) pase pa sèvè sekirize nou. Kesyon aksè baz done a limite. Malgre efò nou, okenn sistèm pa 100% san risk; nou ankouraje ou pwoteje modpas ou.
8. Minè
Bizen Social se sèlman pou granmoun 18 an+. Nou pa kolekte volontèman done sou minè. Si nou dekouvri yon kont minè, n ap efase l.
9. Chanjman ak kontak
Nou ka mete Règleman sa a ajou; vèsyon ki isit la se sa ki an vigè. Pou nenpòt kesyon sou vi prive: bizensocial@gmail.com · WhatsApp +509 47464283.
Ou toujou an kontwòl: ou ka koupe lokalizasyon, mete mòd diskrè, oswa efase kont ou nenpòt lè nan paramèt yo.